KI SA VETERIMED YE ?
Men yon rezime an kreyòl
sou sit VETERIMED la
N ap jwenn plis enfòmasyon toujou nan pati sit la ki nan lang franse...
| VETERIMED se yon ONG ki vle
di yon òganizasyon prive ki pa nan gouvènman k ap ede nan
devlòpman. Se yon gwoup pwofesyonèl ayisyen ki kreye l nan
lane 1991. Pwofesyonèl sa yo vle pote yon kontribisyon nan devlòpman
peyi a, nan travay ak peyizan yo.
VETERIMED travay sèlman nan elvaj, pou nou pi klè, nan zafè sante ak pwodiksyon bèt.
|
|
POUKISA YO KREYE VETERIMED ?
Jounen jodi a, nan lan 2001, gen sèlman 17 doktè veterinè nan peyi Dayiti, epoutan zafè elvaj la se yon aktivite ki enpòtan anpil. Pifò popilasyon an, ki vle di, 70 pou san (70%) nan popilasyon an, ap viv nan kanpay, e yo pa fè lòt travay, agrikilti ak elvaj.
Se ti peyizan ayisyen ki vle di 700.000 fanmi ki bay plis pase 90 pou san (90%) nan pwodiksyon bèt ak elvaj ki fèt nan peyi a. Poutan yo preske pa jwenn pèsonn ki pou ba yo ankadreman teknik yo bezwen an, nan travay sa a.
VETERIMED bay tèt li kòm misyon pou
l ede ti peyizan yo jwenn yon alemye nan kondisyon y ap viv, nan fè
fòmasyon, fè rechèch epi bay sipò teknik, nan
zafè elvaj ak sante bèt.
KI AKTIVITE NOU ?
Pandan 5 lane ki sot pase yo, VETERIMED te travay pou bati yon òganizasyon sèvis veterinè nan tout seksyon kominal peyi a. Sèvis sa a se « Rezo Entèdepatmantal Sèvis Veterinè » ki rele ENTÈVÈT.
Nan lane 2000, Entèvèt rive genyen anviwon 1000 manb.
Pou elvaj la ka devlope, fòk bèt yo jwenn lasante.
VETERIMED ap fòme ajan veterinè k ap kapab bay bèt yo vaksen oubyen lòt tretman, yon fason pou yo ka kwape vye maladi ki toutan ap bay bèt yo pwoblèm.
Ajan veterinè sa yo, VETERIMED pa lage yo, li ede yo òganize tèt yo pou yo jwenn medikaman veterinè, pou yo ka travay.
Pandan peryòd 2000 pou rive 2005, VETERIMED deside travay tou sou lòt pwoblèm ki anpeche pwodiksyon bèt la mache byen.. VETERIMED ap travay pou elvaj la ta dire pi plis epi bay plis rannman. Konsa peyizan yo ta gen plis mwayen pou yo viv.
Travay sa a ap fèt nan chita ansanm ak peyizan
yo, brase lide pou jwenn pi bon solisyon k ap rive devlope elvaj
la.
PWOGRAM YO.-
Ki sa pwojè sa ye.
| Se yon pwojè ki pou kore peyizan
yo nan aktivite elvaj sitou nan pwodiksyon lèt, nan 7 komin depatman
Nò ak Nòdès ki nan zòn ansyen plantasyon Dofen
ak Madras.
Se :
Twoudi Nò Ferye, Karakòl, Fò Libète Wanament ak Limonad. |
![]() |
VETERIMED abitye fè fòmasyon ajan veterinè
nan zòn nan ak kanpay vaksinasyon bèt.
Ki aktivite pwojè a:
Pou koulye a VETERIMED sot fè kèk esperyans
sou teren an epi kèk ankèt ak etid tou.
Ki Etid ak esperyans ki fèt :
1. Etid sou kouman pou elvaj ak agrikilti ta kapab fèt pi byen nan kad refòm agrè a.2. Etid sou ki kantite lèt ak vyann bèt yo pwodui nan zòn nan
3. Esperyans sou kouman yo ta kapab pote yon alemye nan zafè dlo ak manje bèt yo.
4. Etid sou kouman zafè komès lèt la ap mache.
Travay sa a ede VETERIMED ak tout otorite yo
konnen pi byen pwoblèm peyizan gen nan zòn nan epi wè
tou pi byen ki posibilite tè a ak plenn nan ofri pou devlope pwodiksyon
lèt la.
Lòt aktivite pwojè a ap koumanse nan
ane 2001.
VETERIMED ap kapab fè travay sa yo ak finansman
OXFAM ak konkou etidyan Fakilte agwonomi ak lòt teknisyen Ministè
Lagrikilti ak INARA.
Ki sa pwojè sa ye.
Se yon pwojè ki pou kore peyizan
yo nan aktivite elvaj sitou nan elvaj kabrit, poul ak pentad, nan divès
komin depatman Sant , sitou :
Tomasik ak Ench. |
![]() |
VETERIMED abitye fè fòmasyon ajan veterinè
nan zòn nan ak kanpay vaksinasyon bèt.
Kiyès k ap finanse pwojè a
VETERIMED kapab fè travay sa a ak finansman
INYON EWOPEYEN nan Pwogram SEKIRITE ALIMATÈ
Men kèk nan aktivite yo :
1. Ankadreman teknik pou ede peyizan yo nan elvaj poul, pentad ak kabrit.2. Esperyans sou kouman yo ta kapab pote yon alemye nan zafè manje bèt yo ak dlo pou yo bwè.
3. Fòmasyon ak resiklaj ajan veterinè
4. Ranfòsman magazen agwo-veterinè pou elvè yo kapab jwenn medikaman ak vaksen pou bèt yo.
5. Travay ak òganizasyon ki nan zòn nan, nan zafè komès bèt yo.
Pwojè a la pou 3 zan, li te koumanse depi
mwa janvye 2000
Nan pwojè a, VETERIMED pwal travay ak konkou
teknik lòt enstitisyon tankou Ministè Lagrikilti, Fakilte
agwonomi, ak IICA epitou ak kèk òganizasyon Dominikani
| VETERIMED monte pwojè sa a nan
lespri pou amelyore elvaj lapen ak poul ke anpil peyzan te deja ap fè
nan zòn alantou Potoprens.
Tip elvaj sa a gen avantaj paske yo pèmèt
peyizan yo rantre kòb rapid san yo pa bezwen mete anpil kòb
deyò.
|
1. Fòmasyon ajan veterinè
| Soti nan lane 1993 pou rive
nan lane 2000, VETERIMED fòme plis pase 1000 ajan veterinè.
Fòmasyon sa yo fèt pandan 35 jou repati sou 7 mwa, ki vle
di 5 jou pa mwa.. Se peyizan yo a oubyen òganizasyon peyizan yo
ki chwazi kèk peyizan ki pou al resevwa fòmasyon an.
Depi ane 1999 la, VETERIMED ansanm ak 4 lòt ONG ap kolabore ak Ministè Lagrikilti nan yon pwogram pou fòme oubye resikle 1200 ajan veterinè ( 2 pou chak sekson kominal). Ajan sa yo pwal travay ak GSB yo (Gwoupman sante bèt). |
![]() |
2. Resiklaj pou ajan yo
Ajan veterinè, veterimed ak lòt enstitisyon fòme yo, pa janm bouke resevwa seminè fòmasyon. VETERIMED toujou òganize lòt seminè pou ajan ki deja fòme sou kèk bagay tankou teknik chiriji, kouman pou yo kenbe yon famasi veterinè ak zafè manje bèt
VETERIMED fè resiklaj pou plis pase 300 a 400 ajan veterinè chak lane.
3. Zafè medikaman veterinè yo
Pou ajan veterinè yo ka jwenn pwodui veterinè yo pi fasil, tankou (medikaman, vaksen), VETERIMED patisipe nan mete kanpe yon koperativ k ap vann pwodui sa yo (COSEVO). Li mete sou pye tou, yon rezo ki gen ladan l plis pase 40 famasi veterinè kominal e se ajan veterinè yo menm ki reskonsab famasi sa yo.
Objektif nou, se pou peyi a ta genyen yon famasi
veterinè nan chak grenn komin, epi pou chak famasi sa yo genyen
yon frijidè ki mache ak gaz osinon ak solèy, pou konsève
vaksen.
4. Kanpay vaksinasyon
Depi lane 1994, VETERIMED ap travay ansanm ak Ministè Lagrikilti pou reyalize plizyè pwogram vaksinasyon, yon fason pou kwape kèk maladi grav k ap touye bèt peyizan yo epi k ap mete lavi moun andanje.
MALADI CHABON.-
Maladi chabon se yon gwo malè pandye pou peyi Dayiti. Dega maladi sa a fè chak lane, lakòz peyizan yo pedi plizyè milye tèt bèt. Moun kapab trape l fasil, anpil moun nan popilasyon an gen tan viktim anba maladi chabon an.
Nan lane 1998-99 VETERIMED te òganize pou Ministè lagrikilti vaksinasyon yon milyon tèt bèt kont maladi chabon an.
MALADI NYOUKASTÈL
Nan peyi Dayiti, elvaj poul la gen yon pakèt enpòtans. Li ede ekonomi peyizan yo anpil. Maladi Nyoukastèl la (lafyèv poul) ap yaya kò l tout kote nan peyi a. Chak lane li lakòz swa trant oubyen karant pou san (30 oubyen 40) poul yo disparèt sou yon popilasyon 4 a 7 milyon poul konsa.
Depi nan lane 1994 chak lane gras ak konkou gwoup ajan veterinè Entèvèt yo, 200 000 a 300 000 poul rive vaksinen
PES PÒSIN KLASIK
Nan lane 1996, yon epidemi Pès Pòsin
Klasik (lafyèv kochon) frape yon bon valè kochon nan peyi
a. Ministè Lagrikilti te òganize yon kanpay vaksinasyon ak
plizyè lòt òganizasyon ki gen ladan VETERIMED ak ENTEVET.
Plis pase Wisan mil (800.000) kochon te vaksinen. Pwogram sa a ap kontinye.
Andedan VETERIMED n a p jwenn yon gwoup pwofesyonel ak teknisyen ki gen ladan l
5 Agwonòm ki espesyalis nan elvaj
1 Enfimye Veterinè
2 teknisyen agrikilti ak elvaj
Ansam ak 8 anplwaye k ap travay nan administrasyon an. Sa fè yon total 18 pèmanan
Chak ane VETERIMED resevwa yon ekip etidyan agwonomi
ak elvaj ki soti Ayiti oubyen nan peyi etranje ak jèn agwonòm
ki fenk fini, ki vin fè estaj.
Depi 1993, aktivite VETERIMED yo mache gras ak konkou plis pase yon douzèn ajans ki bay lajan ak ONG zanmi, pami yo :
FAO
MISION FRANSÈ POU KOPERASAYON
OXFAM : KEBEK/AMERIKA/UK
NOVIB
INTERMON
INYON EROPEYÈN
BILANCE/CORDAID
AJANS FRANKOFONI
MINISTÈ LAGRIKILTI / BID/PDEP
ROCHAD, MAISON D’HAITI (MONTREAL)
VETERNÈ SAN FWONTYÈ : LAFRANS AK ESPAY
VETERIMED devlope gwo relasyon ak Asosyasyon Entèvèt ak Koperativ Kosevo.Pou retounen nan tèt paj la:
VETERIMED 178 rue Alerte,Port-au- Prince, Haïti, HT6112
Telefòn : (509) 2222-9360 Faks : (509) 2223-4512E-mail : veterimed@gmail.com
Prezidan Konsèy administrasyon an :
Jean-Luckner BONHEUR Enjenyè-agwonòmDireksyon
Ing Agr. Rosanie Moise Germain Direktris a.i
Pou retounen nan pati ki nan lang franse kote
w ap jwenn plis detay:
Peze isit