POTE AMELYORASYON NAN ELVAJ POUL OU YO

 
   
 

Pote amelyorasyon nan elvaj poul ou yo

 

Jounen jodi a, gadinaj poul se yon aktivite ki ka rapòte anpil. Nan ti fèy sa a, nou pwal ba wou kèk konsèy sou kijan, ou menm peyizan, ou ka pote amelyorasyon nan fason ou gade poul yo, kap pèmèt ou fè plis lajan.

 

An nou Bay poul yo bon manje

 

Poul pa menm jan ak kabrit ak bèf. Bèt sa yo jwenn tout sa yo bezwen nan zèb yap manje. Poul la dwe manje plizyè kalite bagay pou l jwenn tout sa l bezwen pou l ka byen devlope, byen grandi, fè vyan sou zo l epi ponn ze. Kouman nou kapab amelyore kalite manje yo ?

Poul yo dwe jwenn nan manje yo kèk eleman enpòtan tankou : Pwoteyin, Enèji, Mineral ak Dlo

 

Pwoteyin

 

Pwoteyin se eleman ki ede ti poul la grandi, pou li bati kòl. Li pèmèt li fè vyann, ede l pouse plim sou kòl. Pwoteyin ede manman poul yo ponn ze. Poul la jwenn pwoteyin nan tout ti bèt lap manje, ti bèt tankou krikèt, ravèt, cheni, vètè, nan grenn pwa ak nan kèk fèy espesyal tankou benzoliv, lesena elatriye. Pwoteyin se tankou feray ki fè kò yon machin.

 

Enèji

Enèji a, se li ki pèmèt poul la gen fòs pou mache, monte bwa, batay, chante elatriye. Enèji se tankou gaz ki pèmèt yon machin vanse. Poul jwenn enèji nan mayi ak nan nenpòt lòt sereyal, tankou pitimi, diri, ak nan farin tankou farin veritab, nan fwi ki dous yo tankou mango ak nan ji kann. Tout viv tankou manyòk, patat, bannann, bay anpil enèji tou.

 

Mineral

 

Mineral yo tankou kalsyòm, se sa poul la dwe jwenn ki pou pèmèt li fè zo ak ede l fè kal ki sou ze l ap ponn nan. Poul la jwenn kalsyòm nan, rès zo l ap manje, nan sab, tè blanch ak nan po ze li jwenn sou wout li. Manman poul k ap ponn bezwen anpil kalsyòm.

 

Dlo

 

Dlo se sous lavi. Poul la bezwen bon jan dlo fre ki pwòp. Tout elvè dwe veye pou poul yo jwenn dlo toutan, tout kote poul yo ap pawaze.

 

Elvaj poul blanch

 

Pou sa ki konsène elvaj poul blanch lan, nan gran fèm yo, yo plis sèvi ak manje ki soti nan peyi etranje, ki gen tout eleman enpòtan poul la bezwen. Yo fabrike manje sa yo sitou ak soja ki se yon pwa ki bay pwoteyin epi ak mayi ki bay enèji a. Yo ajoute nan manje sa yo poud ki gen vitamin ak mineral. Manje sa yo koute anpil lajan.

 

Elvaj poul peyizan

 

Pou yon ti elvè ki pa gen twòp poul epi ki pa vle depanse twòp kòb nan achte manje etranje, li ka jwenn lòt mwayen pou prepare manje pou poul li yo. Sa ap pèmèt li fè plis benefis.

Pou jwenn plis pwoteyin, elvè a ka fè elvaj vètè epitou plante benzoliv, fè seche fèy yo epi bay poul yo manje l.

 

Pou enèji an menm, si mayi a twò chè, elvè a gen dwa bay poul yo bwè ji kann. Yo ka moulen kann nan ti moulen ‘’kwap kwap’’ yo. Si elvè a pa jwenn ji kann nan, li gen dwa sèvi ak rapadou. Fwi tankou mango se gwo sous enèji. Epòk mango, yo konn rete ap gaspiye. Yo kapab seche mango yo oubyen lòt fwi ak lam veritab. Tout viv tankou tèt manyòk ak tout lòt tibèkil, se sous enèji tou.

 

Seche tout eleman sa yo tankou : mango, veritab, ak fèy benzoliv, bay anpil avantaj. Li pèmèt poul la manje plis nan elaman sa yo, san yo pa gonfle epi li pèmèt elvè a konsève manje a pou anpil tan.

Chache toujou byen balanse manje poul yo, yon fason pou li toujou jwenn : pwoteyin, enèji, mineral ak dlo.

 

Pa bliye :

 

Gen yon seri maladi tankou lafyèv poul (Nyoukastèl), ki konn detwi elvaj nou yo. Gen lòt tankou mikwòb H5N1 ki kòz grip volay yo (grip avyè), ki se gwo malè pandye ki ka fè gwo dega tou.

 

Pou ka evite malè sa yo, men kèk lòt amelyorasyon pou pote nan elvaj poul ou yo:

 

1- Se pou nou ta separe espas kote poul yo mache, fè ti pak pou yo pou yo pa gaye nan tout vwazinaj. Pran prekosyon pou nou evite moun fè rantre-soti kote n ap gade poul yo. Nenpòt moun ka pote anba soulye li rès watè yon poul ki te malad, pote l vini nan elvaj pa w la. Se konsa maladi konn gaye.

 

2- Chak elvè ta dwe konstwi yon ti kay pou rasanble poul yo lanwnit. Sa ap pèmèt nou vaksinen yo pi fasil oubyen dekouvri yon poul ki malad epi ba l swen. Ak ti kay la, N ap ka rasanble watè poul yo tou, pou fè angrè pou jaden yo.

 

3- Sèvi ak pousinyè pou leve ti poul yo. Premye semèn ti poul yo fèt, fòk ou kenbe ni manman an, ni tout ti poul yo. Apre yon semèn ou lage manman an, men wap kenbe ti poul yo pou 6 semèn ankò (total 7semèn) anba pousinyè a. Konsa, manmamn poul la ap rekoumanse ponn pi rapid epi sa ap pèmèt nou pwoteje ti poul yo, kont lòt bèt voras ki konn touye yo. Ti poul sa yo, lè y ap grandi, yap pran abitid rete pi pre kay la.

 

4- Fè tretman pou poul yon kont vè nan trip, epi kont pou k ap ravaje yo.

 

5- Vaksinen poul nou yo kont maladi Nyoukastèl.