GRIP VOLAY YO (GRIP AVYÈ)

Kè n pa bezwen sote !

 
   
 

Grip Volay yo (Grip Avyè)

Kè n pa bezwen sote !

 

Nan mwa jen 2008 la, otorite nan Ministè lagrikilti peyi Dayiti anonse yo dekouvri nan peyi a prezans yon maladi ki rele grip avyè, ki vle di grip volay yo. Anvan maladi sa a te antre nan peyi Dayiti, yo te dekouvri li nan peyi Sendomeng, kidonk lakay vwazen.

Kisa grip volay yo ye?

Grip volay yo, se yon mikwòb ki bay bèt volay yo maladi sa a. Mikwòb la se yon bèt tou piti, je paka wè. Men nan tout sa nou rele grip volay yo, gen plizyè kalte mikwòb. Gen sa ki se yon danje ni pou poul ni pou moun ; gen sa tou ki pa reprezante okenn danje.

Eske gen danje ak maladi sa a ?

Mikwòb grip volay otorite ayisyen yo anonse yo jwenn nan peyi a, pa gen okenn danje ladan l. Li pa ka fè moun anyen epi li pa menm fè poul yo prèske anyen. Pou koulye a, li ka ba yo yon ti grip tou piti. Mikwòb yo jwenn an Ayiti a, li pote non H5N2. Se yon mikwòb ki fèb. Se menm mikwòb sa a yo te jwenn nan peyi Repiblik Dominikèn. Li fè pati fanmi mikwòb grip volay yo, men li diferan anpil ak yon kouzen l ki rele H5N1, ki li menm ap fè gwo dega nan yon seri lòt peyi, sitou nan zòn Azi a (nan peyi Vyetnam, Lachin elatriye) ak kèk peyi Lafrik. Mikwòb H5N1 an pa egziste nan okenn peyi rejyon Amerik la.Mikwòb H5N2 ki sou zile a, nou jwenn li nan lòt peyi sou kontinan ameriken an tankou: Etazini, Kanada, Meksik ak lòt ankò. Gen anpil diferans ant H5N1 ak H5N2. H5N1 an danje anpil, H5N2 a li fèb anpil. H5N1 an touye anpil poul epi li kapab touye moun tou, men H5N2 a pa ka fè moun anyen. Kote n ap pale la a, ni Sen Domeng ni Ayiti, li poko janm fè poul yo anyen.

Poukisa yo mete anbago sou poul ak ze ki soti Sendomeng ?

Se vre, mikwòb H5N2 a pa ka fè moun anyen, se vre tou jounen jodi a, li pa vrèman fè poul yo anyen nonplis. Men gen yon bagay ki ka rive. Mikwòb la gen dwa vin pran plis fòs epi li kòmanse touye poul pa pakèt, menm lè li pap fè moun anyen. Sa rive nan lòt peyi tankou Meksik ak Salvadò. Li bay menm siy ak maladi Nyoukastèl ki vle di anpil poul kòmanse mouri pa pakèt. Yo mouri ak rim, pafwa dyare, tèt yo, babin yo ka vin gwo epi tèt yo konn vire tou. Mikwòb H5N1 touye poul yo menm jan tou. Se nan laboratwa sèlman yo ka konnen kilès mikwòb ki la. Se pou rezon sa a, Ayiti pa gen okenn enterè pou kite rantre yon nouvo mikwòb lakay li. Lè otorite ayisyen yo te mete entèdiksyon sou enpòtasyon ze ak poul dominiken, se te pou pwoteje elvaj poul nan peyi Dayiti.

Kòman yon peyi kapab fè disparèt mikwòb la lakay li?

Lè otorite yo te vin dekouvri kèk poul an Ayiti ki gen mikwòb la nan san yo, yo te fè tiye poul sa yo ak lòt poul ki nan vwazinaj yo. Tout sa a pou yo anpeche mikwob la gaye plis nan peyi a. Men sa mande anpil jefò pou anpeche yon mikwòb gaye, paske nenpòt volay, zwazo ki konn janbe peyi kapab pote mikwòb la.  

Se sak fè nan kèk peyi kote mikwòb H5N2 oubyen H5N1 gaye, yo konn sèvi ak yon lòt zam pou konbat li: se vaksinasyon an.

Èske nou pa ta dwe kòmanse vaksinen poul yo an Ayiti?

Non, pasle jan nou te di l déjà, mikwòb grip volay yo nou jwenn sou zile a pako menm fè poul yo malad epi li pa prezante okenn danje pou moun. Vaksinasyon mande anpil òganizasyon, anpil kòb, epi li pa janm fè mikwòb la disparèt nèt. Nan peyi d Ayiti gen lòt maladi ki touye plis poul ki fè anpil dega, tankou maladi Nyoukastèl, yo rele lafyèv poul, ki ta merite plis atansyon. Nou tout nou konnen kijan lafyèv poul touye yon pakèt poul chak ane apre epòk karèm. Vaksinen poul nou yo kont maladi Nyoukastèl. Si nou reyisi fè bon vaksinasyon kont maladi Nyoukastèl, n’ap deja gen pi bon mwayen, pou nou vaksinen poul yo kont nenpòt lòt maladi, kit se H5N2, oubyen menm H5N1, si sa ta vin nesesè. 

 

Kisa ki ta dwe fèt jounen jodi a nan aktivite elvaj poul nan peyi Dayiti ?

Sitiyasyon sa a n ap viv ak H5N2 ki rive Sendomeng epi ki janbe Ayiti a, se yon leson ki pou montre nou kijan sa te kapab fèt tou ak H5N1. Mikwòb ak zwazo pa bezwen paspò, yo pa bezwen viza pou yo janbe fwontyè. Koulye a, pi bon bagay la, se fè prevansyon, se anplaye tout mezi ak teknik ki posib pou pa kite okenn maladi a antre nan elvaj ou. Nan fason nou fè elvaj poul, gen yon seri abitid ki pou chanje.

1-      Nan nivo elvaj poul blanch yo fòk elvè yo pran yon seri prekosyon pou yo evite moun rantre soti andedan fèm yo. Nenpòt moun ka pote anba soulye li rès watè yon poul ki te malad, pote l ale nan yon lòt elvaj. Tout sa se ekzanp ak lòt ankò sou kijan pou yo anpeche yon seri maladi gaye.

2-      Nan nivo elvaj peyizan, chak elvè ta dwe separe espas kote poul yo mache, fè ti pak pou yo pou yo pa gaye nan tout vwazinaj. Fò nou ta konstwi yon ti kay pou rasanble poul yo lanwnit. Sa ap pèmèt nou dekouvri pi fasil yon poul ki malad, ba l swen oubyen vaksinen l si sa ta vin nesesè. Fòk nou pran prekosyon tou pou nou evite moun rantre soti kote n ap gade poul yo.

3-      Vaksinen poul nou yo kont maladi Nyoukastèl epi suiv tout konsèy otorite Ministè lagrikilti ak ajan veterinè yo ap ba ou.