AYITI : GRIP VOLAY YO, KÈ NOU PA BEZWEN SOTE                         li atik sa an fransè    

Par Agropresse, 11 aout 2008

Nan mwa jen 2008 la, otorite nan lagrikilti peyi d Ayiti anonse yo dekouvri mikwòb ki bay maladi grip volay yo, yo rele tou grip avyè, nan peyi a. Depi lè sa a, anpil moun ap mande ki konpòtman yo ta dwe genyen. Men pozisyon doktè Michel Chancy, direktè Veterimed, sekretè jeneral Asosyasyon ayisyèn k ap fè pwomosyon elvaj nan peyi a (Ahpel).

Èske nou andanje ak prezans maladi grip volay yo (grip avyè) an Ayiti?

Nou mèt poze. Pa gen okenn danje. Se yon mikwòb ki bay volay yo grip sa a. Men nan tout sa nou rele grip volay yo, gen plizyè kalte mikwòb. Gen sa ki se yon danje ni pou poul ni pou moun ; gen sa tou ki pa reprezante okenn danje.

Mikwòb grip volay yo otorite yo anonse yo jwenn nan peyi d Ayiti a pa ka fè moun anyen epi li pa menm fè poul yo preske anyen. Pou koulye a, li ka ba yo yon ti grip tou piti. Mikwòb yo jwenn an Ayiti a se yon viris ki pote non H5N2. Se yon mikwòb ki fèb. Se menm mikwòb sa a yo te jwenn an Repiblik dominikèn. Li fè pati fanmi mikwòb grip volay yo men li diferan anpil ak yon kouzen l ki rele H5N1, ki li menm ap fè gwo dega nan yon seri lòt peyi, sitou nan zòn Azi (Vyetnam, Lachin elatriye) ak kèk peyi Lafrik. Viris H5N1 an pa egziste nan okenn peyi rejyon Amerik la.

Viris H5N2 ki sou zile a, nou jwenn li nan lòt peyi nan kontinan ameriken tankou Etazini, Kanada, Meksik ak lòt ankò. H5N2 a fèb anpil.
Nan mwa desanm 2007, Dominiken yo te vin dekouvri viris H5N2 pandan yo tap fè kèk tès sou yon seri poul, ras kòk batay, yo ta pral voye nan peyi Kolonbi. Okenn nan poul yo pat malad, men yo te vin dekouvri nan san kèk ladan yo, jèm viris la. Se menm jan tou sa pase an Ayiti. Apre yo te fin konnen te gen poul ki gen viris la nan Sendomeng, Ministè Lagrikilti te mache pran san poul plizyè kote nan peyi a epi se konsa yo dekouvri gen kèk poul an Ayiti ki gen jèm viris la nan san yo. Men, tout sa fèt san okenn poul pa malad.
Jounen jodi a, Dominiken yo pa vrèman konnen ni ki kote viris la soti, kouman li te antre, ni depi kilè li lakay yo.

Poukisa yo mete anbago sou ze ak poul dominiken si viris H5N2 a pa ka fè moun anyen epi li pa menm fè volay yo malad ?

Se vre, viris H5N2 a pa ka fè moun anyen, se vre tou jounen jodi a, li pa vreman fè poul yo anyen nonplis. Men, viris la gen dwa vin pran plis fòs epi li kòmanse touye poul pa pakèt, menm lè li pap fè moun anyen. Sa rive nan lòt peyi tankou Meksik ak Salvadò. Se pou rezon sa a, Kolonbi oubyen Ayiti pa gen okenn enterè pou kite yon nouvo viris rantre lakay yo, menm lè se yon viris ki pa reprezante yon danje pou sante moun. Lè otorite ayisyen yo te mete entèdiksyon sou enpòtasyon ze ak poul dominiken, se te pou pwoteje elvaj poul an Ayiti, men se pa paske viris la te ka nwi moun. Pou yo anpeche viris la gaye plis an Ayiti, fòk yo kontinye anpeche pwodui volay yo ki sot Sendomeng rantre nan peyi a.

Kòman yon peyi kapab fè viris la disparèt lakay li?

Si yon viris fenk parèt, si yo konnen aklè, ekzakteman nan ki zòn li parèt, yo kapab touye tout poul ki nan zòn nan, sa kab pèmèt yo detwi viris la, epi anpeche l gaye toupatou. Men aksyon sa a se pa yon bagay ki fasil. Ekzanp Sendomeng la montre nou sa. Jounen jodia, menm lè Dominiken te touye yon pakèt poul nan zòn Igwe, sa pa anpeche yo vin jwenn yon pakèt poul ki gen viris la preske tout kote nan peyi yo a. Li pa fasil ditou pou fè yon travay konsa, menm nan yon seri gran peyi ki gen anpil mwayen nan men yo. Nenpòt volay, zwazo ki konn janbe peyi kapab pote viris la.. Se sak fè gen anpil peyi ki chwazi yon lòt zam pou konbat viris la, se vaksinasyon an.

Ki avantaj vaksinasyon an bay epi ki pwoblèm li ka bay?

Kote vaksen an kapab anpeche poul yo malad, li pap anpeche yon poul pote viris la nan san l epi menm pafwa, pote viris la bay yon lòt poul. Men anpil peyi ki konnen yo pa kapab rete viris la ak metòd touye poul yo, yo reziyen yo, yo chwazi fè vaksinasyon an.
Kidonk chak desizyon gen avantaj ak pwoblèm li. Fè vaksinasyon vle di kontinye fè sa pandan anpil tan, men metòd touye poul la koute anpil lajan epi gen dwa gen gwo konsekans ekonomik ak sosyal.

Jounen jodi nou konnen viris la gentan gaye Sendomeng, nou konnen an Ayiti nou jwenn li plizyè kote nan tout Nò a; Wanament, Limonad, Ferye, Okap; Nan Plato Santral, Sèkalasous; Nan Nip, Miragwàn. Yap bouske toujou.

Èske nou pa ta dwe kòmanse vaksinen poul yo an Ayiti?

Jan nou te di deja, viris nou jwenn sou zile a pa menm fè poul yo malad epi li pa prezante okenn danje pou moun. Kifè pa gen rezon pou yo ta mete yon mache prese nan koze vaksinayon. Vaksinasyon mande anpil òganizasyon, anpil kòb, epi gen lòt maladi ki touye plis poul ki fè anpil dega nan peyi dayiti tankou nyoukastèl, yo rele lafyèv poul, ki ta merite plis atansyon. Tout Ayisyen konnen kijan lafyèv sa a touye yon pakèt poul chak ane apre epòk karèm. Ki sans sa ta genyen pou ta fè yon gwo mobilizasyon, depanse anpil lajan pou vaksinen poul yo kont yon maladi ki ka fè poul yo malad, alòske nou neglije yon lòt maladi ki gen vaksen pou li, ki fè anpil peyizan pèdi poul yo, pèdi lajan chak ane ?

Viris H5N2 a pa fè poul yo anyen men li gen dwa vin pran fòs, eske nan vin pran fòs, nan fè poul yo malad li ka fè moun malad tou, eske li gen dwa tounen H5N1 ?

Non. Viris H5N2 a pa ka fè moun anyen. Li gen dwa vin pran fòs, men se pa moun li pral atake, se poul ki pral malad. Se sa ki rive nan lòt peyi tankou Meksik. Lè viris H5N2 a kòmanse fè poul yo malad, li bay menm siy ak maladi Nyoukastèl ki vle di anpil poul kòmanse mouri. Yo mouri ak rim, pafwa dyare epi tèt yo konn vire tou. Lè sa a, yo deside fè vaksinasyon.

Kisa ki ta dwe fèt jounen jodi a nan aktivite elvaj poul nan peyi Dayiti ?

2 gouvènman yo dwe konprann leson an paske ni viris yo ni zwazo pa konn fwontyè anplis yo pa bezwen viza. Fòk 2 peyi yo fè yon tèt kole pou yo gen yon sèl plan ni pou kontwole H5N2 a, ni pou fè prevansyon kont H5N1. Pousa gen yon seri desizyon ki pou pran:
Nan nivo elvaj peyizan an, gen yon seri abitid ki pou chanje. Fòk tout moun kòmanse mete plis kontwòl sou poul yo. Chak elvè ta dwe konstwi yon ti kay pou rasanble poul yo lanwnit. Sa ap pèmèt peyizan an dekouvri pi fasil yon poul ki malad, ba l swen oubyen vaksinen l. Fò yo ta limite
espas kote poul yo mache, fè tipak pou yo pou yo pa gaye nan tout vwazinaj. Fòk elvè yo pran yon rantre kote y ap gade poul yo. Nenpòt moun ka pote anba soulye li rès watè yon poul ki te malad, pote l ale nan yon lòt elvaj. Tout sa se ekzanp ak lòt ankò sou kijan pou yo anpeche yon seri maladi gaye.
Jan sitiyasyon an ye jounen jodi a, sa ki pi enpòtan pou mwen, se kontinye fè tès pou konnen ki kote viris la ye nan peyi a, ankouraje moun yo mete plis kontwòl sou poul yo epi veye viris la. Veye vle di: swiv poul yo pou konnen si viris la pap pran fòs epi prepare nou pou si nou ta bezwen fè vaksinasyon an. Nan menm moman an se pou nou òganize vaksinasyon kont maladi nyoukastèl. Si nou reyisi fè bon vaksinasyon kont maladi nyoukastèl, nap deja byen prepare pou nou vaksinen poul yo kont nenpòt maladi, kit se H5N2, oubyen menm H5N1 si sa ta vin nesesè.

Kòman nou fè konnen H5N1 an pa sou zile a ?

Tout kote ki gen lak ak letan, kote zwazo ki soti lòtbò lanmè vin poze Ayiti, Ministè Lagrikilti mete yon sistèm siveyans kanpe. Gen ajan veterinè ki la pou fè tès sou zwazo sa yo ak poul ki nan vwazinaj yo. Depi kèk mwa, gen plizyè milye analiz ki fèt epi ki montre viris la pa prezan. Egzamen sa yo fèt nan Laboratwa Veterinè Tamarinye ki gen yon pakèt ekipman epi, jan regleman entènasyonal yo di, Laboratwa sa a konn voye tès yo refè nan yon Laboratwa entènasyonal ki Ozetazini. Jounen jodi a, tout peyi rekonèt sistèm siveyans ki genyen an Ayiti pou grip volay yo, se youn nan pi bon sistèm ki genyen nan rejyon Karayib la.


Source : Agropresse