|
PWODIKSYON NASYONAL
LAVI NAN LETRI YO | Lèt bèf nan Mamelad |
|||||||||||||||||||||||||||
|
Par Agropresse, 08 Janvier 2009 |
|||||||||||||||||||||||||||
|
Lèt bèf nan Mamelad
Nan depatman Latibonit, nou jwenn 2 letri ki fè pati rezo Lèt Agogo. Youn chita nan komin Vèrèt epi lòt la nan komin Mamlad. Nan letri Mamlad la, pandan ane 2006 la, gen 9 179 galon lèt (34 696 lit) ki rive transfòme epi ki rapòte yon benefis de 284 409 goud.
©
veterimed | Letri Mamlad
Letri Mamelad la te kòmanse fonksyone nan mwa davril 2006. Se ak jefò plizyè òganizasyon sa yo : FACN, FAO, VETERIMED ak APWOLEM (Asosyasyon Pwodiktè Lèt Mamelad ) kifè letri rive monte.
Nan tèt ansanm sa a, FACN te mete lajan pou konstwi lokal la, FAO te bay lajan pou achte materyèl ak ankadreman teknik, Veterimed te pote konesans li geyen nan zafè pwodiksyon ak transfòmasyon lèt epi Apwolem rasanble elvè yo ki pou pote lèt la.
Letri Mamlad la gen nan tèt li yon konsèy administrasyon. Se menm òganizasyon yo ki fonde letri a ki manm konsèy sa a. Konsèy la nonmen yon direktris nan tèt letri a ki pou dirije l. Soti Novanm 2007 pou rive sektanm 2008, letri Mamlad la achte 9 179 galon lèt nan men elvè ki nan zòn nan. Sa ki fè, pou periòd sa a, letri a te travay ak anviwon 32 galon lèt chak jou. Kantite boutèy lèt ki fèt se 126 653 boutèy epi 125 814 nan boutèy sa yo ale nan pwogram kantin lekòl epi rès la al vann sou mache lokal la. Kantite lajan lavant pwodui yo rapòte se 1 777 558 goud. Nan 11 mwa sa yo, letri a peye elvè yo yon montan ki egal a 550 778 goud pou lèt la. Se 154 elvè ki separe lajan sa a. Letri a peye FACN 88 000 goud pou lwaye konplè (dlo ak elektrisite ) epi 203 500 goud pou peye anplaye yo. Aprè tout lòt depans (gaz, sik ak lòt ankò), benefis la monte 284 409 goud, sa vle di 16% sou kantite lajan ki woule andedan letri a.
Pou peryòd 2008 -2009 la, letri a prevwa kontinye ak pwogram kantin eskòlè. Konsa lap ogmante kantite lèt lap resevwa epi tou koumanse pwodiksyon fwomaj. Letri a pral bay yon pati nan lajan Apwolèm ap bezwen pou fè fòmasyon pou 305 manm li genyen kounye a. Gen dispozisyon ki pran pou double fon woulamn letri a pandan ane 2009 la. Men lis lekòl ki benefisye nan pwogram kantin eskolè nan Mamlad.
Nan lòt nimewo kap vini an, n ap bay enfòmasyon sou yon lòt letri.
|